U.S. flag

An official website of the United States government

Government Website

Official websites use .gov
A .gov website belongs to an official government organization in the United States.

Safely connect using HTTPS

Secure .gov websites use HTTPS
A lock () or https:// means you’ve safely connected to the .gov website. Share sensitive information only on official, secure websites.

Breadcrumb

  1. Home
  2. About Us
  3. Site Links
  4. Archived
  5. News Archive
  6. Mesaj Konjwen ICE ak CBP Konsènan Siklòn Matthew

Archived Content

In an effort to keep DHS.gov current, the archive contains outdated information that may not reflect current policy or programs.

Mesaj Konjwen ICE ak CBP Konsènan Siklòn Matthew

Release Date: October 7, 2016

In English

Pandan Siklòn Matthew ap apwoche sou peyi Etazini, Gouvènè Florida, South Carolina, ak North Carolina yo te deklare yon Eta Ijans pou eta yo.   Gouvènè Georgia a te deklare yon Eta Ijans pou 13 konte epi li te pase lòd pou rezidan k ap viv sou lakòt yo deplase.  Pandan siklòn Matthew, pi gwo priyorite Sèvis Imigrasyon ak Ladwàn Etazini [U.S. Immigration and Customs Enforcement (ICE)] ak Sèvis Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè Etazini [U.S. Customs and Border Protection (CBP)] se patisipe nan aktivite pou sove lavi moun epi ede moun viv byen, deplasman moun k ap kite zòn ki afekte yo san pwoblèm, jere lòd piblik, evite pèt pwopriyete mezi li posib, ak ede rejyon an kanpe sou pye li byen.

Se sa ki fè, p ap gen okenn inisyativ ranfòsman imigrasyon ki asosye ak deplasman ak lojman parapò ak Matthew. Si yon ajans ranfòsman nan nivo lokal oswa eta a ta detèmine yo dwe transfere oswa lage yon moun ki nan prizon akòz Matthew, ajans ranfòsman sa a pa dwe refize fè sa sèlman sou kondisyon imigrasyon yon prizonye ICE oswa CBP kenbe. Si yon ajans ranfòsman nan nivo lokal oswa eta pa deside lage yon moun ki nan prizon ICE oswa CBP akòz Matthew, ajans la dwe, nenpòt lè ki posib, kontakte biwo lokal ICE oswa CBP avan li lage moun sa a pou asire moun nan p ap reprezante yon danje pou lage moun nan. Lè n ap detèmine jan pou jere moun ki nan prizon eta oswa nan prizon lokal pandan yon ijans, ajans ranfòsman nan nivo lokal ak eta dwe aji yon fason ki koresponn avèk bezwen sekirite kominote lokal yo ak moun ki nan prizon an.

Pati ranfòsman lwa Depatman an ap prepare pou ede nenpòt moun ki bezwen asistans. Lwa yo p ap koupe, epi nou pral rete vijilan kont nenpòt efò kriminèl yo fè pou pwofite sou deranjman tanpèt la lakòz. Men, si ta gen yon deplasman oswa repons, nou vle sèten n ap ka ede otorite lokal yo yon fason ki rapid, san pwoblèm, epi avèk efikasite.  Epi tou, ICE ak CBP ap chèche bay moun ki nan men li yo sekirite pandan y ap pwoteje moun yo kont danje si ta gen yon siklòn oswa tanpèt ki fè anpil dega.  Si ta vin gen bezwen pandan Siklòn Matthew, ICE ap transfere prizonye yo pou yo kite prizon ki afekte yo. Si ta gen yon transfè, n ap kontakte avoka ki sou dosye prizonye a, n ap fè dènye chanjman yo nan Online Detainer Locator (yon lis sou Entènèt ki gen kote tout prizonye yo ye), epi transfè a ap pwovizwa.

Mesaj sa a disponib nan lang angle, espanyòl, chinwa, koreyen, ak vyètnamyen.

###

Last Updated: 09/20/2018
Was this page helpful?
This page was not helpful because the content